Jameson Laurent E si odyo ofisyel
>> YOUR LINK HERE: ___ http://youtube.com/watch?v=wzoETnCY-os
konpozisyon , aranjman, pwodiksyon : Jameson Laurent • koral: Monestime Kensly • Pawolye: Guillaume Lionel Maitre • lyrik: • Solèy la vle ou pa, ap toujou klere site a, reyalite a se sa l bay, donk, lap rete yon lwa • Men l pa menm jan pou sak rekonesan ak sa k engra, li diferan pou sa k renmen bay ak kap resevwa. • Sou bout zile sa, se la m fèt, se la m leve, se la m premye an kontak ak lè, latè, dlo avèk dife, etanke eritye, m tap twouve m mpa merite l, si sa pap mache, m ta fèmen je m, anyen menm mpa pwopoze • E si n pa dakò Nou se piti vre, e si n reyini kondisyon pou je n kale, Pou Nou trè eveye, e si nan basen enèji nou, nou ta pran pize, e si Kaye idantite Nou, Nou ta revize, yeah, Nou petèt ka bliye, men si n chèche konprann sa k fòs ak libète repons lan, e Nou l ye, e si antre Nou, Nou ta deside, chanje, koze ki di nou pa ka ini, pwouve yo ke son manti l ye • Gen nesesite pou nou kreye yon lòt fòm lekòl, plizyè matyè anpil nòt, men fò n fòme patriyòt, fòk gen lanmou pou tè sa, priyorite a pa dwe zòt, sinon nap toujou vann peyi n kou Jida eskaryòt • E si depi n gade drapo n lajwa anvayi kè n, bat lestomak, avwe a wot vwa de peyi sa n fyè, nou sonje sa n fè, nou te pot limyè, istwa n ka refè, ayiti son rèn. • Refren • E si se lè pa n nan ki rive • E si sous dlo pa n nan ta pete • Ki sa k ka anpeche nou briye • Dayè se nwayo latè nou ye • Si n deside konn kiyès nou ye • Menm linivè nou ka dirije • Si le premier sera le dernier • Le dernier peut-être le premier • • E si n pran konsyans nou pa anreta e gen espwa, si n ka idantifye pwoblèm yo, solisyon yo la • Tout sa n swete pap soti lwen ke nan mitan nou la, nou gen kapasite pou n pwodwi sa n dwe konsome, an grand kantite epi tou ekspòte plizyè lòt kote • Si n ap mal manje, nap mal panse, n pap ka kreye, si n pa ka bay tèt nou manje, yo ka fin manje n nan manje • Pandan nap devlope enterè, lanmou pou sol pa n, e si n devlope lanmou pou do ré mi fa sol pa n, mizik nou se nanm nou, mizik nou ka vann tou, nou gen ritmik pa nou, maryaj gita tanbou nou ka fè yo fou, m pap di n gon bèl kilti, mpap fè pleyonas, nou ka wè zèv atizay nou yo konn nan premye plas • Talan n konn fè yo ret kole nan kò nou kou pè las, pran san n, jere bagay yo, met prensip epi tèt glas • Wè enterè n anplen, nou anpil men n pa degrenen, 1,2,3 poze aksyon sispann plenyen, an n pa trennen • On ban n jeni, pakèt moun fò, wi nan peyi nou plen! envesti nan espò, lasyans ak teknik wi nou ka mennen • Peyi n, premyèman, pa gen pi bon moman, nou tout kap fè kap chanjman an, gen 10 depatman men n pa depaman • On depasman de swa, on deplasman nan chwa n, on ranplasman de lwa ki pap ede n, Erezman tè sa gen pouvwa • Refren • E si se lè pa n nan ki rive • E si sous dlo pa n nan ta pete • Kisa k ka anpeche nou briye • Dayè se nwayo latè Nou ye • Si n deside konn kiyès nou ye • Menm linivè Nou ka dirije • Si lé premye sera le dènye • Le dernier peut-être le premier • Pon • M renmen l anpil se peyi pa Mwen • Menm si l konn fè m mal jouk nan mwèl mwen • Se li m genyen, m konneen • Okenn lòt kote m mpap janm osi byen • Sonje peyi moun pa peyi pa n, n an tranzitwa • an n konstwi lakay pa n ansanm • Pi bon moman an, se mentenan • #rap #rapmusic # #rapkreyol #haitianmusic #musicproducer #music #hiphopmusic
#############################
